Midi son ti lanp de fas
Malere travèse
San volonte
Pou Granmoun bon memwa
Nan ki mwa mizè bay konje ?
Tankou yon mo fransè
Kreyòl fransize
N’ap pwezire sou move dan
Pou entèlektyèl zanmi lasyan
Pouki moun fèt demen vid ?
Chaje konsèp k’ap donnen
Sou non moun
Mondyalizasyon se youn ladan yo
Nou se yon sèvolan san volan
Yon branch pwovèb san verite
Lè m’ powèt
Ma ekri tout pye bwa
San fèy…
Anderson Dovilas…