Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog


Pwèl nan zo Pwezi

Publié par Anderson Dovilas sur 6 Septembre 2012, 01:32am

Catégories : #Pwezi

Pwel-nan-zo.jpg

 

Ak dènye rekèy sa a Anderson Dovilas pote pou nou an : « Pwèl nan zo », lalin pwezi sispann leve nan yon sèl katye, paske lektè nou yo bouke ak bouyon rechofe, refren ti bebe rechiya.

Pawòl pwèl nan zo sa a, ap vanse chimen l’, li fè wout pou tout moun jwenn yon ti moso silab. Dovilas se yon powèt djougan ki pa pote plim pou bèl lank. Li se yon powèt maton ki mitonnen fon kè nou ak mo byen banda pou bande venn lanmou nou. Li di lonè, nou di l’ respè. Nou ka menm di, Dovilas se powèt ki tann lè tout miray jeriko yon pèp fin kraze, epi li rekonstwi yo ak flit bèl mo. Li se rezilta rechèch estetik yon don lasirèn ba li.

Yves Poindujour

Décembre, 2008.   

...

Gen yon solèy 

Latè pral konnen 

Lè w souri

Gen yon zetwal 

Ki chape nan jansiv

Granm maten 

Lè souri w ap eple

Tout sans bèl mo

Anba vant lawouze

Men se pa sèlman solèy

Lalin 

Zetwal 

Ki degrennen nan fòm souri w

 

Si lakansyèl chanje po

Pou achte yon medat flè

Nan sezon lannuit

Si lanmè pèdi gou sèl

Si kleren pèdi gou kann

Si lawouze pèdi banda

Kouman l’ pral fè taye

Pou solèy leve.

 

...

 

Cheri tèt bouch ou

Pa ni prentan

Ni lete

Ni lotòn

Se yon sant manje

Midi

Kay vwazinay

Yon timoun fwonte

K’ap bay granmoun

Move repons.

 

Ed. Lagomatik, Montreal, 2009

Ed. Webversity, Chicago, 2012

 

Anderson Dovilas.

 

Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents